Noe Evanjelis La

by Paul F. Taylor
Also available in English

Ki leson lavi Noe anseye nou konsènan kijan pou n prezante levanjil la?

Kretyen yo gentan tire anpil leson valab nan lavi Noe e nan Lach la. Men gen yon bagay yo pi souvan bliye. Noe se te premye evanjelis ki mansyone nan Bib la. Eske genyen leson nan lavi li nou kapab tire konsènan kijan pou n prezante levanjil la? Asireman!

Premyèman, Noe te fè fas avèk menm sikonstans yo ke Kretyen genyen jodi a.

"E, menm jan sa te ye nan jou Noye yo, se konsa sa va ye tou, lè Pitit Lòm nan va vini. Vrèmanvre, se va menm jan ak jou anvan delij la. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè. Yo t'ap marye, yo t'ap bay pitit fi yo pou maryaj, jis jou Noye te antre nan lach la. E, yo pa't konnen anyen, jis delij la te rive epi l te pran yo tout. Ebyen, se va konsa tou, lè Pitit Lòm nan va vini" (Matye 24.37-39).

Yon Avni Sèten

“Se grasa lafwa ki fè lè Bondye te avèti Noye konsènan bagay pèsonn pa’t prevwa yo, Noye te gen krentif pou Bondye, epi li te bati yon lach pou l sove fanmi li. Se grasa lafwa li ki fè li te deklare kondanasyon sou monn sa a. Konsa, li vin eritye jistis, moun jwenn grasa lafwa a.”

Konparezon sa a genyen anpil pou anseye nou. Menm jan anpil moun jounen jodi a pa kwe Jezi ap retounen menm (alò nou pa bezwen mande si yo kwe L'ap tounen touswit), se konsa moun yo nan jou Noe a pa't konnen kilè Delij la t'ap vini. Men yo te genyen enfòmasyon t'ap vrèman genyen yon Delij. Enfòmasyon sa a te soti nan plizyè sous:

  1. atravè fè a Noe t'ap vrèman bati yon Lach
  2. nan prigad Sentespri Bondye a (Jenèz 6.3 di konsa, "E Senyè a te di, 'Lespri Mwen p'ap goumen avèk lèzòm pou tout tan, paske li se lachè; men se 120 an li va genyen.'")
  3. trè posib, atravè pawòl Noe yo menm.

Noe t'ap travay sou Lach la pou plizyè dekad, pandan dènye jou lòm yo. Pandan Lach la t'ap grandi, li te sevi kòm yon siy fò pou moun ki te viv bò kote l. Nou kapab imajinen yo te souvan mande Noe kesyon konsènan pwojè konstriksyon li a. Vremanvre, se sèten yo te pase Noe nan betiz pou yon travay konsa.

Yon Predikatè Ki Pa Pale, e Lafwa Li

Nan 2 Pyè 2.5 li dekri Noe kòm yon "nonm ki t'ap preche jistis." Nan ki fason li te yon predikatè? Mo Grèk la, ki se kerux (κηρυξ), pale konsènan yon anonsè oubyen "yon moun k'ap anonse." Menm lè li pa't pale menm, travay li sou Lach la t'ap toujou sevi kòm yon temwen. Men genyen kèk filozòf Jwif ki di Noe te di kèk pawòl tou. Nan chapit 22 nan Pirke R. Eliezer, John Gill redi pawòl Noe yo daprè tradisyon Jwif yo kote li di konsa: "Vire do bay aksyon e move mànyè ou yo, pou dlo delij la pa vin sou nou e pou yo pa detwi tout ras e pitit lòm."

Tradisyon sa a montre Noe k'ap bay yon avètisman e yon fason pou moun yo sove. Si sous sa (ki pa soti nan Bib la) gen verite ladan li, genlè Noe t'ap mande moun yo pou yo repanti, e sa t'ap vrèman mache avèk sous Sali pa l la, ki se Jezi Kris. Alò nan yon sans fisik, Noe pa't sove akòz jistis pa l la. Nan Ebre 11 li di nou ki kote jistis Noe te soti. Mo Grèk la se dikaiosune (δικαιοσύνη), e li pale konsènan yon tip lajistis ki enposib pou nou jwenn atravè lalwa a oubyen atravè merit nou.

Ebre 11.7 di konsa, "Se grasa lafwa ki fè lè Bondye te avèti Noye konsènan bagay pèsonn pa't prevwa yo, Noye te gen krentif pou Bondye, epi li te bati yon lach pou l sove fanmi li. Se grasa lafwa li ki fè li te deklare kondanasyon sou monn sa a. Konsa, li vin eritye jistis, moun jwenn grasa lafwa a."

Nou kapab jwenn kalite lajistis sa a sèlman atravè lafwa. Yon lòt kote Apòt Pòl te di konsa, "Vrèmanvre, se akòz gras li, ki fè nou sove, grasa lafwa. E, sa pa soti nan nou menm, se kado Bondye. Sa pa soti nan zèv, dekwa pou pèsonn pa vante tèt yo" (Efezyen 2.8-9).

Se konsa menm Noe te sove. Noe pa't ka rive nan nivo jistis sa a nan limenm; alò li te kapab soti nan Bondye sèlman. Jenèz 6.8 di nou, "Noe te jwenn gras nan je Bondye." Sali Noe a te atravè gras Bondye, menm jan avèk pa nou an. Li pa't ka fè anyen nan limenm pou l vin genyen lajistis sa a.

Yon Sekirite ki Disponib

Te toujou gen plas pou anpil lòt moun nan Lach la lè pòt la te fèmen. Sèl bagay yo te bezwen fè pou yo antre se te repanti e tounen jwenn Bondye. Nan menm fason sa a, sali a disponib pou "tout moun ki rele non Senyè a" (Women 10.13). Gade, se 8 moun ki te nan Lach la e yo te pase nan yon pòt–Lach la te genyen yon sèl pòt–e se pa Noe ki te fèmen l, men se Bondye–"e Senyè a te fèmen pòt la dèyè" (Jenèz 7.16). Jezi te di, "Mwen se pòt la. Si yon moun pase nan mwen pou li antre, l'ap sove" (Jan 10.9).

Yon Sovè Byen Dispoze

Delij Noe a anseye nou 2 bagay konsènan atitid Bondye anvè nou.

  1. Li fache avèk peche, e yon jou L'ap pini l.
  2. Li renmen nou e Li te ban nou yon fason pou nou kapab sove si nou sèlman repanti e tounen jwenn Li.

Jezi se Lach Sali pa nou an jodi a. Menm jan Noe te chape anba destriksyon Delij la gras a lafwa, se konsa tou nou menm kapab sove gras a lafwa nan Jezi lè nou repanti e tounen jwenn Li


Tout vèse Nouvo Testaman yo soti nan, Bib Kreyol La, Nouvo Testaman, Bibles International.

Paul F. Taylor te gradye avèk yon diplòm nan syans chimi nan Inivèsite Nòtinnam, e avèk yon metriz nan syans edikasyon nan Inivèsite Kadif. Paul te anseye syans nan yon lekòl leta pandan 17 an e kounyeya li se yon ekriven e yon oratè pou Repons nan Jenèz–Wayòm Ini

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.