Èske Te Vrèman Genyen yon Lach e Delij Noe?

by Ken Ham and Tim Lovett
Also available in اُردُو, 中文, English, and Deutsch

Èske Te Vrèman Genyen yon Lach e Delij Noe?

Istwa Noe e Lach la se youn nan evènman lòm ke moun plis konnen. Malerezman, tankou lòt istwa Biblik yo, moun pi souvan pran l kòm yon senp istwa ki fabrike.

Alò Bib la se vre liv istwa linivè a. Nan limyè sa a nou kapab reponn kesyon yo ke moun yo plis mande sou Lach e Delij Noe avèk otorite e konfyans.

Waters Rising Around Noah's Ark

Ki Gwosè Lach Noe A Te Ye?

Batiman an va gen 450 pye longè, 75 pye lajè, ak 45 pye wòtè (Jenèz 6.15).

Lach la ki dekri nan Bib la se te yon vèso jeyan, li pa’t tankou anpil desen imajinè ki montre Lach la tankou yon gwo kay sou yon bato (avèk tèt jiraf ki soti anlè, pa egzanp). Se te nan tan tou dènyeman (nan fen santenn 1800 la) ke yo resi fè yon bato ki te depase kapasite Lach Noe a.

Dimansyon Lach yo toujou enpresyonan menm jounen jodi a, menm lè ou konpare yo avèk bato modèn yo ki vwayaje sou lamè: anviwon 450 pye nan longè, anviwon 75 pye nan lajè, e 45 pye nan wòtè. Lè ou miltipliye twa dimansyon sa yo ansanm, ou twouve yon pi bon ide konsènan gwo kapasite gran vèso sa a – anviwon 1.5 milyon pye kib!

Building the Ark

Seksyon Lach Noe sa a se yon pati nan gwo egzibisyon mize a sou Delij la.

Yo chaje bato modèn ki pote kontenè yo, avèk bwat fè ki mezire 8 pye wòtè, pa 8 pye lajè, pa 40 pye longè. Lach Noe a te kapab chaje avèk pliske 500 kontenè konsa.

Kijan Noe Te Ka Mete Tout Zannimo Yo Sou Lach La?

Nan yon liv ki rele Lach Noe a: Yon Etid Sou Posibilite Li, otè John Woodmorappe sijere ke, pou pi plis, se sèlman 16 000 zannimo Noe te bezwen pou prezève tip kreye yo ke Bondye te pote nan Lach la.

W’a pran avèk ou tou, yon pè nan tout kalite bèt, yon mal ak yon fenmèl. W’a fè yo antre nan batiman an ansanm ak ou pou yo pa mouri (Jenèz 6.19).

Lach la pa’t bezwen pote chak tip zannimo yo...ni Bondye pa’t kòmande sa. Li te sèlman pote zannimo ki rale souf, zannimo ki viv sou tè, bagay ki trennen yo,e zwazo yo. Bagay ki viv nan dlo (pwason, balenn, koki senjak, elatriye), ensèk yo e anpil bèt anfibi te kapab siviv nan kantite sifizan, andeyò Lach la. Kantite zannimo total ke yo te bezwen nan Lach la vin tèlman redwi akòz sa.

Yon lòt bagay ki tèlman redwi nan bezwen espas la se sa: gwo varyete a ke nou wè nan espès yo jodi a pa’t egziste nan tan Noe a. Se sèlman paran “tip” espès sa yo ki te dwe sou Lach la pou yo te ka rechaje tè a.1 Pa egzanp, se sèlman 2 chen ki te nesesè pou bay tout espès chen ki egziste jodi a.

Estimasyon ke kreyasyonis yo bay pou ki kantite zannimo yo te bezwen sou Lach la kòm yon minimòm varye ant 16 000 – 35 000.

Kijan Noe Te Ka Bati Lach La?

Bib la pa di nou ke Noe e pitit gason li yo te bati Lach la pou kont yo, e Noe te ka bay bòs travay avèk li. Men pa gen rezon pou pa kwè ke yo pa’t kapab – oubyen ke yo pa’t – bati Lach la pou kont yo pandan plizyè ane.

Fòs fisik la e pwosesis panse moun nan tan Noe te menm jan (genlè menm siperyè) avèk pa nou yo. Asireman yo te genyen yon fason efikas pou rekòlte e koupe bwa yo, e pou fòme, transpòte, e leve gwo travès e planch yo.

Si jodi a youn oubyen 2 moun kapab leve yon gwo kay nan sèlman 12 semenn, kisa anplis 3 ou 4 gason te ka fè nan plizyè ane? Desandan Adan yo t’ap fè enstriman mizik ki te konplèks, yo t’ap fòje metal e yo t’ap bati vil – zouti pa yo, machin pa yo, e teknik pa yo pa’t enferyè avèk sa yo ke nou sevi jodi a.2

Lè nou egzaminen “mistè” sivilizasyon ki te deja egziste yo, li klè ke ras lòm genlè pèdi prèske menm kantite (petèt menm plis) konesans ke yo te genyen anvan Delij la, ke yo vin genyen depi tan sa. Ide ke jenerasyon ansyen yo te pi primitif ke pa nou an se yon ide evolisyon.

An reyalite, lè Bondye te kreye Adan, li te pafè. Jodi a entèlijans lòm deja soufri 6 000 ane peche e pouriti – alò òdinatè (yon zouti yo kreye e fè nan denyè 60 an yo) ap renmèt anpil pou desant natirèl nan pouvwa mantal nou pou n panse. Odinatè yo pèmèt nou ranmase e kenbe enfòmasyon nan yon fason yo pa’t janm genyen deja.

Kijan Noe Te Ka Mete Dinozò Yo Sou Lach La?

Pifò dinozò yo pa’t tèlman gwo menm – genyen kèk ki te gwosè yon poul (men asireman yo pa relye avèk zwazo menm menm, jan evolisyonis yo di kounyeya)! Pifò syantis yo dako ke gwosè mwayen yon dinozò se gwosè yon mouton. Asireman tout dinozò yo te yon jan piti yon lè: lè yo te jenn.

Pa egzanp, genlè Bondye te pote 2 jenn sowopòd (pa egzanp Apatosò), olye 2 sowopòd ki te fin grandi bay Noe. Se menm jan tou pou elefan yo, jiraf yo, e lòt zannimo yo ki grandi vin gwo. Kanmenm te toujou genyen ase espas pou pifò zannimo yo menm lè yo te fin grandi.

Dinosaurs

Menm yon Tiranozorèks (modèl sa a ki anlè a se sou egzibisyon avèk anpil lòt dinozò, menm dinozò wobo, nan Mize Kreyasyon an) te nan Lach la, alò li pa’t fin grandi.

Konsènan kantite tip dinozò diferan yo, fòk nou rekonèt ke menm lè genyen pliske 200 non pou varyete (espès) dinozò diferan ke yo “dekouvri,” pwobableman genyen sèlman 50 tip diferan.

Kijan Noe Te Kapab Ranmase Tout Zannimo Sa Yo?

Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri (Jenèz 6.20).

Vèsè sa a di nou ke Noe pa’t bezwen chache pou zannimo yo, oubyen vwayaje nan kote lwen pou vin mete yo nan Lach la. E sou baz Jenèz 1 an, pifò kreyasyonis yo kwè ke te gen yon sèl kontinan avan Delij la. Zannimo yo te annik rive nan Lach la, tankou si yon “ensten zònay” (yon konpòtman Kreyatè yo a te plante nan yo), e te monte sou mach la pou kont yo!

Menm lè sa se yon evènman sipènatirèl (sa vle di ke nou pa ka eksplike li avèk konpreyansyon ke nou genyen konsènan nati), li sètènman andedan kapasite Bondye a. Menm jodi a nou toujou lwen pou nou konpran tout ajisman mèveye zannimo yo ki parèt nan kreyasyon Bondye a: migrasyon zwa Kanadyen yo e lòt zwazo yo, vòl mèveye papiyon Monnak yo, vwayaj ke balèn e lòt pwason fè chak ane, ensten ibènasyon, sansibilite pou tranblemanntè – e lòt kapasite enteresan ke nou pa ka menm konte, nan wayòm zannimo Bondye a.

Èske Dinozò Yo Te Ekstèminen Anvan Delij La, Anviwon 4 500 Ane Pase?

Istwa Kreyasyon Bondye a (rakonte nan Jenèz chapit 1 e 2) di nou ke tout kreyati ki viv sou tè a te fèt sou sizyèm jou a nan semenn kreyasyon an, sa se menm jou ke Bondye te fè Adan e Ev. Donk li klè ke dinozò yo (kòm yo se bèt ki viv atè) te fèt avèk lòm.

Konsa tou, 2 nan chak tip (e 7 nan kèk) nan zannimo terès yo te antre nan Lach la. Pa gen rezon pou kwè ke te gen nan tip zannimo terès yo ki te deja estèminen anvan Delij la. Tou deskripsyon “beyemòt” la ki nan liv Job (chapit 40) koresponn sèlman avèk yon bagay tankou yon dinozò sowopòd. Fòk zansèt “beyemòt” la te sou Lach la.3

Kijan Noe Te Pran Swen Tout Zannimo Yo?

Menm jan Bondye te pote zannimo yo bay Noe atravè yon metòd sipènatirel, konsa tou Li te asireman prepare yo pou evènman mèveye sa a.

Syantis yo ki kwè nan Kreyasyon konn sijere ke Bondye te bay zannimo yo yon kapasite pou yo ibène, menm jan nou wè nan plizyè espès jodi a. Pifò zannimo yo reaji nan katastwòf natirèl nan yon fason ki te desine pou ede yo siviv. Li vrèman posib ke anpil nan zannimo yo te ibène, petèt Bondye te menm entansifye li sipènatirelman.

Si nou te kapab mache nan Lach la pandan yo t’ap bati li, san dout nou t’ap sezi pou wè sistèm entèlijan yo te genyen pou estokaj ak distribisyon dlo e manje. Tankou Woodmorappe eksplike nan liv li ke rele, Lach Noe a: Yon Etid Sou Posibilite Li, ke jodi a yon ti ekip jadinyè kapab elve plizyè mil bèf e lòt zannimo nan yon ti espas tou piti. Nou kapab imajinen fasilman tout kalite machin yo te genyen sou Lach la pou pèmèt yon ti kantite moun bay bèt yo manje, e swen, soti nan bay yo dlo rive nan retire watè a.

Inside the Ark

Nan liv li, Woodmorappe endike ke yo pa t’ap bezwen machin espèsyal pou 8 moun te ka pran swen 16 000 bèt. Men si yo te egziste, kijan machin sa yo t’ap mache? Genyen tout sòt posibilite. Pa egzanp, atravè pezantè. Van. E mouvman Lach la. Pa gen moun ki konnen ki teknoloji Noe te genyen disponib pou l sèvi.

Kijan Yon Delij Te Ka Detwi Tout Bagay Vivan?

Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun. Tout sa ki te viv sou tè chech la e ki te genyen souf lavi a nan nen yo, te mouri (Jenèz 7.21-22).

Delij Noe a te fè plis dega pase nenpòt gwo lapli ki dire 40 jou te ka janm fè. Lekriti a di ke, “sous nan fen fon yo” te kraze. Nan lòt langaj, tranbleman tè yo, vòlkan yo e gisè lav likid e dlo bouyi te peze soti nan po latè a nan yon leve eksplozif e vyolan. Sous sa yo pa’t cheche jiskaske 150 jou apre Delij la te kòmanse – alò latè a t’ap vrèman woule anba dlo yo pou anviwon 5 mwa!

Delij lokal, volkan, e tranbleman tè ki te fèt pa twò lontan pase, e sa yo ke lòm te rapòte nan santenn resan yo – menm lè yo devaste lavi e tè – yo tèlman piti lè ou konpare yo avèk katastwòf sa a ki te kouvri lemonn antye e ki te detwi lemonn orijinal Bondye a ki te pafè. Tout bèt ki viv atè (e moun) ki pa’t sou Lach la te detwi nan dlo Delij yo – genyen plizyè milya nan sa yo ki prezève nan gwo rapo fosil (Delij) ke nou wè jodi a.

Kibò Tout Dlo A Te Soti?

Jou ki fè Noe 600 an, yon mwa, 17 jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li kòmanse vide dlo sou tè a. Lapli tonbe san rete pandan 40 jou 40 nwit (Jenèz 7.11,12).

Bib la di nou ke dlo te soti nan de sous diferan: anba tè a e anlè tè a. Sanble ke sous dlo a ki te anba tè se te nan gwo basen anba tè, ou “sous,” ki te genyen dlo fre ladan, sous sa yo te vin kraze akòz aksyon volkanik e seyismik (tranbleman tè). Petèt sous sa yo te bay dlo pou rivye yo ki te nan Jaden Edenn lan, ansanm avèk rès tè a avan Delij la.

Kibò Tout Dlo A Te Ale?

Tankou menm jan menm jeyolojis sekilè obsève, li sanble ke yon lè kontinan yo pa’t separe avèk gwo lanmè yo ke nou wè jodi a, men yo te kole ansanm. Asireman, fòs yo ki te nan Delij la te sifizaman pou chanje tout sa. Lekriti a endike ke Bondye te fòme basen lanmè yo lè Li te leve tè a soti nan dlo a pou dlo Delij yo te ka tounen nan yon kote ki an sekirite. (Kèk teyolojyen kwè ke Sòm 104 pale konsènan evènman sa a.) Kèk syantis kreyasyon kwè ke lè kontinan yo te dekole se mekanis sa a ki te kòz Delij la.

Èske Delij Noe A Te Yon Delij Global?

Anpil Kretyen jodi a kwè ke Delij la nan tan Noe se te yon delij lokal. Yo kwè sa paske yo aksepte istwa latè a (tankou anpil lòt moun) dapre evolisyon, ki enteprete fosil yo ki anba pye nou kòm istwa konsènan kijan lavi te parèt nan sekans atravè plizyè milyon ane.

Cartoon

Te gen yon lè, lè syantis yo te konprann ke fosil yo (ki antere nan labou e sab ke dlo te bwote) se plis rezilta gwo Delij la. Moun yo ki vin aksepte lide evolisyon an (konsènan jan fosil yo te vin akimile atravè plizyè milyon ane) nan panse pa yo, yo eksplike kijan sa se pa evidans pou Delij global la. Donk anpil Kretyen ki konpwomèt, ensiste sou yon delij lokal. Moun sekilè yo totalman nye posibilite yon Delij global. Men si yo te panse avèk yon pèspektiv Biblik, yo t’ap wè evidans la pou Delij la, e kijan li an abondans. Tankou yon moun te di yon lè, “Mwen pa t’ap wè li, si mwen pa’t kwè li.”

Flood Cartoon

Moun ki aksepte orè evolisyon an4 , e jan yo kwè fosil yo te akimile, vin retire konsekans serye yo ki gen nan Chit Adan an. Yo mete fosil yo, ki temwaye konsènan maladi, soufrans e lanmò, avan Adan e Ev te peche e pote lanmò e soufrans antre nan monn lan. Lè yo fè sa, yo detounen siyifikasyon lanmò e rezireksyon Kris la. Yon senaryo konsa vòlè tout enpòtans deskripsyon Bondye a konsènan kreyasyon final Li a lè Li te di ke li “trè bon.”

Si Delij la te yon delij lokal, poukisa Noe te bezwen bati yon Lach? Li te ka sèlman mache lòt bò mòn yo pou l chape!

Sa ki pi enpotan toujou se si Delij la te yon Delij lokal, moun yo ki pa’t rete nan zòn la, pa t’ap afekte. Konsa yo t’ap chape jijman Bondye a sou peche.

Plis toujou, Jezi te di ke Delij la te touye tout moun ki pa’t nan Lach la (Matye 24.37-39). E kisa Jezi te vle di lè Li te konpare jijman k’ap vini sou monn lan, avèk jijman “tout” moun (Matye 24.37-39) nan jou Noe yo?

Nan 2 Pyè 3, yo konpare jijman k’ap vini atravè dife, avèk jijman dlo a ki te pase nan Delij Noe a. Konsa yon jijman enkonplè nan tan Noe vlè di ke jijman k’ap vini a ap yon jijman enkonplè tou.

Si Delij la te yon delij lokal, kijan dlo yo te ka monte 20 pye anlè mòn yo (Jenèz 7.20)? Dlo toujou chache nivo pa l. Li ta’p enposib pou dlo a ta monte kouvri mòn lokal yo poutan li pa afekte rès monn lan.5

Animals on the Ark

Gwosè Lach la sèlman fè sans si Delij la te global.

Gen plis toujou. Si Delij la te yon delij lokal, sa vle di ke depi lè sa, genyen anpil fwa kote Bondye pa kenbe pwomès Li pou Li pa janm voye yon Delij konsa ankò (Bondye te mete yon akansyèl nan syèl la kòm yon kontra ant Bondye e lòm e zannimo yo ke Li pa’p janm repete yon evènman konsa). Nou konn genyen gwo delij “lokal” nan tan resan (tankou nan Bengladèch, pa egzanp) – men nou pa janm jwenn yon lòt Delij global ki te detwi tout lavi sou tè a.

Kibò N’ap Jwenn Evidans La Pou Delij Noe A Nan Lemonn Lan?

Annefè, yo pran pòz pa konnen ke nan tan lontan syèl yo te ann egzistans pa mwayen pawòl Bondye, osibyen yon tè ki te soti nan dlo e ki te fèt pa mwayen dlo (2 Pyè 3.5).

Genyen evidans konsènan Delij Noe a atravè lemonn antye, soti nan baz lanmè yo, rive nan tèt mòn yo. Swa ou vwayaje nan machin, tren, oubyen avyon lè nou gade fòm latè a, li klèman montre ke tan pase a te katastwofik (pa egzanp: kannyon, kratè, kouch chabon tè, e kavèn).

Anviwon 75% po tè a se wòch ma. Kouch sab, tè (e lòt materyèl) sa yo – ke dlo te depoze – te mou tankou labou yon lè, men kounyeya yo di tankou wòch. Antere nan kouch ma sa yo genyen plizyè milya bagay ki te mouri (fosil, plan, e zannimo) ki te antere byen vit. Evidans la atravè lemonn ap gade tout moun nan je!

Kibò Lach Noe A Ye Jodi A?

Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo (Jenèz 8.4).

Lach la te fè tè sou mòn yo (Bib la pa espèsifye ki mòn) nan zòn Mòn Arara ki nan peyi Tiki. Genyen anpil espedisyon ki te chache pou Lach la. Pa genyen yon evidans fiks konsènan posisyon Lach la, oubyen si l toujou la – apre tout, li te kole sou mòn yo anviwon 4 500 ane pase e li te ka deteryore oubyen detwi fasilman.

Men, a menm tan, kèk syantis e teyolojyen Biblik kwè ke pètèt Lach la vrèman prezève – pètèt nan avni a Bondye va revele li kòm yon siy konsènan jijman ki pase a e jijman k’ap vini a.

Ark in Flood

Yon delij lokal pa fè sans.

Poukisa Bondye Te Detwi Tè A Ke Li Te Kreye?

E Bondye te wè kijan mechanste lòm vin tèlman gran sou tè a, e kijan tout imajinasyon e panse kè yo te sou mechanste sèlman (Jenèz 6.5).

Vèsè sa a pale pou kont li. Tout moun sou fas tè a, eksepte Noe, madanm li, pitit gason li yo e madanm yo, te refize vire do sou peche, vyolans, e koripsyon yo. Se jijman Bondye ki te vini akòz sa. Menm lè destriksyon an te brit, pa’t gen yon grenn moun ki te san ekskiz.

Donk, Bondye te sèvi avèk Delij la pou separe ant sila yo ki te kwè nan Li avèk sila yo ki pa’t kwè, e pou pirifye sa yo ki te kwè. Atravè istwa, e atravè Bib la, bagay sa a toujou repete ankò e ankò. Separasyon e pirifikasyon. Jijman e redanmsyon.

San Bondye – e san yon vrè konèsans e konpreyansyon Lekriti a (ki bay vrè istwa monn lan) – lòm ap kondane pou yo fè menm erè yo ankò e ankò.

Kijan Kris Sanble Avèk Lach La?

Paske Pitit lòm lan vini pou L sove sa ki te pèdi (Matye 18.11).

Kòm Pitit Bondye, Senyè Jezi Kris sanble avèk Lach la – Li te vini pou L chache e sove sa ki te pèdi. Menm jan Noe e fanmi li te sove atravè Lach la (Bondye te sove yo kont dlo Delij yo ki te anba yo), se konsa nenpòt moun ki kwè nan Jezi Kris kòm Senyè e Sovè yo, va chape anba jijman final la (Bondye va sove yo kont dife a ki va detwi latè a apre Dènye Jou yo).

Noe e fanmi li te bezwen pase nan yon pòt pou antre nan Lach la pou yo te ka sove. Konsa tou nou menm, nou bezwen pase nan yon “pòt” pou n ka sove, e pou nou pa bezwen sibi yon separasyon etènèl avèk Bondye. Pitit Bondye a, ki se Jezi Kris, te antre nan istwa pou peye amann peche rebelyon nou an. Jezi te di, “Mwen se pòt la. Si yon moun pase antre nan mwen, li va sove, l’ap antre-soti, e l’ap jwenn patiraj” (Jan 10.9).

MEN BON NOUVEL LA

Repons nan Jenèz ap chache rann Bondye glwa e onè kòm Kreyatè, e pou afime verite istwa biblik la konsènan yon vrè orijin e istwa pou monn lan e pou lòm.

Yon pati nan vrè istwa sa a se move nouvèl konsènan kijan rebelyon premye lòm la (ki se te Adan) kont Bondye, te pote lanmò, soufrans, e separasyon avèk Bondye, antre nan monn lan. Nou wè tout rezilta yo antoure nou. Tout desandan Adan yo genyen peche nan nati yo depi nan vant manman yo (Sòm 51.5) e tout moun antre nan rebelyon sa a (ki se peche). Sa kifè yo pa ka viv avèk yon Bondye ki sen, men yo kondane pou yo separe avèk Li. Bib la di ke, “Ka tout moun fè peche e yo tout manke la glwa Bondye” (Women 3.23) e konsa tout moun vin sijè “yon destriksyon etènèl, lwen fas Senyè a e lwen la glwa pwisans Li” (1 Tesalonisyen 1.9).

Men bon nouvèl la se ke Bondye te fè yon jan pou nou. “Paske Bondye tèlman renmen lemonn ke Li bay sèl Pitit Li a, pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa peri, men pou li genyen lavi etènèl” (Jan 3.16).

Jezi Kris, Kreyatè a, te soufri amann peche lòm, ki se lanmò e separasyon avèk Bondye, pou byen lòm, menm lè Li te totalman san peche Li menm. Li te fè sa pou L te ka satisfè demann jistis e sentete Bondye (ki se Papa L) a. Jezi se te sakrifis pafè a; Li te mouri sou yon kwa; men sou twazyèm jou a, Li te resisite e Li te venk lanmò pou tout moun ki vrèman kwè nan Li, e ki rapanti de peche yo e ki mete konfyans yo nan Li (olye nan merit pa yo), kapab tounen vin jwenn Bondye e viv pou letènite avèk Kreyatè yo a.

Donk: “Pa gen jijman pou sila a ki kwè nan Li; sila a ki pa kwè nan Li fin jije deja, paske li pa kwè nan non sèl Pitit Bondye a” (Jan 3.18).

Ala yon mèveye Sovè – e ala yon mèveye Sali nan Kris Kreyatè nou an!

(Si ou vle konnen plis sou sa Bib la di konsènan kijan ou kapab resevwa lavi etènèl, souple ekri nou oubyen rele biwo Repons nan Jenèz ki pi pre ou – gade dèyè kouvèti liv sa a pou jwenn enfòmasyon sa a.)


Genyen anpil pòsyon nan liv sa a ke yo te jwenn nan yon lòt ti bwòchi (ki pa pibliye ankò) ke Ken Ham e Mark Dinsmore te ekri. Genyen lòt pati tou ki soti nan Liv Repons La.

Lach Noe e Delij la se sijè enteresan e yo fè pati tèm majè nan Mize Kreyasyon RnJ, ki nan pati Nò Kennteki (e ki toupre Ayewopò Sennsinati a). Twouve plis nan www.answersingenesis.org/cp

Creation Museum

Nan Mize Kreyasyon RnJ toupre Sennsinati, yo reponn anpil nan kesyon sa yo ke nou reponn nan ti bwòchi sa a, avèk plis detay.

Footnotes

  1. Men yon egzanp: genyen pliske 200 espès chen ki egziste jounen jodi a, soti nan ti poudèl la rive nan Sen Bèna – e tout ladan yo se desandan sèl “tip” orijinal chen an. Tout lòt tip bèt yo – tip chat, tip chwal, tip bèf, elatriye – menm jan avèk chen yo te kwaze natirèlman e atravè seleksyon pou vin genyen varyasyon mèveye ke nou genyen nan espès yo jodi a.

    Bondye te “pwograme” varyete sa a nan kòd jenetik tout tip zannimo yo – menm ras lòm! Bondye te rann li posib pou “tip” bazik zannimo yo kapab kwaze e fè pitit youn ak lòt. Pa egzanp, chat yo e chen yo pa kapab kwaze pou fè yon kreyati nouvo. Sa se desen Bondye, e li se yon fè ki rann evolisyon enposib.

  2. Pou evidans la wè Devinèt Lòm Ansyen an pa Dr. Donald Chittick.
  3. Pou kèk evidans remakab ke dinozò te viv rive nan tan pa two lontan pase, li Gran Mistè Dinozò a Rezoud oubyen ou ka jwenn kèk atik enteresan konsènan kijan yo twouve tisi mou e vèso nan yon zo Tiranozorèks – yon evidans mèveye ki montre ke kreyati sa a te pwobableman viv nan tan resan – lè ou ale sou www.answersingenesis.org/cp
  4. Pou evidans konvenkan ke latè a pa gen yon laj plizyè milya ane, li Jenn Tè A; Doktè John Morris - ekritè.
  5. Mòn Everès, li menm, se pliske 8 kilomèt wotè. Enben, kijan Delij la te ka kouvri “tout jenn mòn wo yo anba tout syèl la?” Bib la sèlman pale konsènan “jenn mòn” yo, e mòn yo ke nou wè jodi a te fòme sèlman nan finisman, e apre Delij la akòz kolizyon plak tektonik yo e jan tè a te leve apre kolizyon an. Pou montre sa se vrè nou jwenn ke kouch yo ki fè pati kouch ki pi wo nan Mòn Everès, konprimi avèk kouch ke dlo te depose e yo genyen anpil fosil ladan yo.

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.