Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noe

Bondye te fèmen pòt Lach la – ki enpotans ki genyen nan sa?

by Gary Vaterlaus
Also available in English

Bondye te fèmen pòt Lach la – ki enpotans ki genyen nan sa?

Lè Bondye te bay Noe enstriksyon pou l bati Lach la, Li te di Noe konsa, "louvri yon sèl pòt sou kote batiman an" (Jenèz 6.16).1 Lach la te genyen yon sèl pòt pou moun yo te ka pase ladann pou yo chape jijman tèrib Bondye a. Noe e fanmi li te antre nan Lach la ak lafwa. Lè yo tout te andedan, Bondye te fèmen pòt la dèyè yo (Jenèz 7.16).

Bondye te fèmen pòt Lach la, alò, ki enpotans ki genyen nan sa? Sa ban nou yon bèl demonstraksyon konsènan 2 verite (ki mare ansanm) nou wè atravè Lekriti a, ki se reskonsabilite lòm e souverènte Bondye.

Apre Bondye te fèmen pòt la, lè jijman an te rive. Se sèlman sa yo ki te pase nan pòt la ki t'ap sove; pa gen moun ki te ka rantre ankò. Noe e fanmi li te bezwen obeyi kòmandman Bondye a pou yo bati e antre nan Lach la pou yo te ka sove - men se Bondye ki te kòmande pou yo bati Lach la kòm yon mwayen pou fanmi Noe te ka sove nan tan jijman sa a.

Lach la demontre sali ki nan Jezi Kris. Jezi Kris se "Lach" sali nou an. Jezi te di, "Mwen se pòt la. Si yon moun pase nan mwen pou li antre, l'ap sove" (Jan 10.9).2

Bib la fè li trè klè ke nou "mouri nan fot ak nan peche" (Efezyen 2.1).2 Pa gen anyen nou ka fè pou delivre nou anba peche e konsekans li - ki se yon separasyon etènèl avèk Bondye. Men Bib la di nou tou, si nou konfese Senyè Jezi avèk bouch nou, e si nou kwè nan kè nou Bondye te fè L resisite nan lamò, nou va sove (Women 10.9). Se "akòz gras Li, ki fè nou sove, grasa lafwa. E, sa pa soti nan nou menm, se kado Bondye" (Efezyen 2.8).2 Pa gen anyen nou ka fè pou delivre nou anba peche nou - Sali se nan Bondye sèlman li soti. Men an menm tan, reskonsabilite nou se pou nou pase nan pòt la (Jezi) e Bondye va sove nou.

Kijan nou kapab mete tout sa ansanm? Eske nou menm, kòm lòm ki limite, kapab janm rive konprann mànyè yon Bondye ki enfini? Se sèlman Bondye ki kapab pran reskonsabilite lòm e souverènte pa L la e mete yo ansanm pafètman. Alò nou bezwen viv avèk tansyon sa e aksepte li - se sa Pawòl Bondye anseye.

Gary Vaterlaus te resevwa diplòm ak metriz li yo nan syans edikasyon nan Inivèsite Eta Oregonn. Li te etidye nan yon Seminè Batis Konsèvatè tou. Li se direktè kourikoulòm e korespondan pou Repons nan Jenèz - Etazini

Footnotes

  1. Nou pran vèse sa a nan Bib La, Edisyon 1999, Société Biblique Haïtienne.
  2. Nou pran vèse sa a nan Bib Kreyòl La, Nouvo Testaman, Bibles International.

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.