Lakansyèl Bondye a nan yon Koulè Vivan

by Catherine Myers on February 19, 2010
Also available in English

Soti nan ble briyan rive nan vèt klere, pa gen yon pi bon kote pou w wè tout koulè Bondye yo pase nan papiyon yo.

Menm lè anpil ensèk genyen zèl, koulè rich yo ki nan zèl yon papiyon, mete li apa sou tout lòt yo. Se kal ki nan zèl yo ki ede ba yo koulè sa a. Papiyon denwi yo genyen kal sou zèl yo tou, men koulè yo pa konpare avèk koulè papiyon yo.

Yon Divèsite Enkwayab

Nou jwenn papiyon yo atravè lemonn antye. Yo viv sou tout kontinan yo, eksepte Antatik, e nan anviwonman divès (cho e frèt, chèch e mouye, nan nivo lanmè e sou mòn ki wo). Men nou jwenn yo pi plis nan twopik yo, espesyalman nan forè lapli yo.

Nan aparans papiyon yo genyen yon divèsite enkwayab. Nou jwenn yo nan plizyè fòm e dimansyon, e n'ap jwenn yo nan tout koulè lakansyèl la. Pi piti papiyon an se Sinayi baton ble a (Pseudophilotes sinaicus). Gwosè zèl li yo (soti nan pwent yon zèl rive nan pwent lòt zèl la) se 0,25 pous (6,25 milimèt), ki se pi piti pase yon santim. Pi gwo papiyon an se zèl zwazo Renn Aleksandri a (Ornithoptera alexandrae). Gwosè zèl li yo (soti nan pwent yon zèl rive nan pwent lòt zèl la) se 12,5 pous (31,8 santimèt).

Koulè Inik

Eske Ou Te Konnen?

Papiyon yo genyen kal, ki tèlman piti, ki kouvri zèl yo e ki fè koulè e desen yo. Anba yon mikwoskòp, ti kal yo sanble avèk mozayik twati ki kouche youn sou lòt nan desen diferan.

Koulè zèl yo soti nan 2 bagay - pigmantasyon (koulè ki nan kal la menm) oubyen iridesans (limyè ki soti nan solèy la ki chanje koulè pandan li vin pliye nan kal yo). Koulè tè yo (mawon, jòn abriko, jòn, blan, e nwa) se nan pigman an yo soti. Koulè iridesan yo (ble, vèt, kwiv, ajan, e lò) soti nan kal espesyal ki pliye limyè a pou fè plizyè koulè. Kal sa yo aji tankou yon pris (yo separe limyè a nan plizyè wevlèn) e se sa ki fè kèk papiyon sanble y'ap chanje koulè pandan y'ap vole.

Zèl Pisan

Menm lè yo sanble yo fen, zèl papiyon yo genyen anpil fòs. Se yon materyo ki rele chiten (yon materyo ki komen nan fongis e ensèk), ki fè zèl yo genyen ase fòs pou l leve papiyon an anlè, men li toujou ase lejè pou minimize pezantè, e li ase fleksib pou papiyon an ka vole alèz. Paske papiyon an ranfose atravè yon sistem venn yo kapab kontrole vòl yo pou yo kapab kanpe touswit oubyen vole nan yon vitès 30 mil alè (48 kilomèt alè). Si yon predatè grangou ta manje yon moso nan zèl li, papiyon an te ka pi souvan toujou viv e vole malgre blesi a.

Fèt pou yo Siviv

Genyen anpil bèt ki remen manje papiyon, alò yo bezwen evite anpil predatè, espesyalman zwazo yo. Men Bondye pa't kite yo san defans - Li te ba yo plizyè mwayen pou yo pwoteje tèt yo. Pa egzanp, anpil papiyon fèt nan kamouflay. Genyen nan espès yo, tankou vigil la (Polygonia c-album), ki sanble avèk fèy ki deja mouri. Genyen lòt espes papiyon, tankou papiyon koukou a (Caligo memnon), ki genyen yon desen ki sanble ak yon fo je sou zèl li yo, e lè yo flach li, li fè predatè yo pantan. Papiyon zèl klè a limenm (Dulcedo polita), preske transparan - zèl li yo pa gen anpil kal, se sak fè zèl li yo preske envizib pandan l'ap vole.

Genyen nan papiyon yo ki genyen koulè briyan ki pwazon, tankou zèl zwazo Golyat la (Ornithoptera goliath). Yo vin pwazonnen akòz plant yo te manje lè yo te cheni. Koulè briyan yo sèvi kòm yon prigad ke papiyon an se pwazon. Lè yon predatè manje yon papiyon pwazon, li vin malad touswit, e li vin asosye koulè briyan yo avèk yon move esperyans yo pa vle repete. Genyen lòt papiyon ki preske sanble nèt avèk sa yo ki pwazon, sa se yon defans yo rele jako repèt. Papiyon Viswa a (Limenitis archippus) sanble avèk mònak la (Danaus plexippus), e paske mònak la anpwazonnen predatè yo pa mele ak Viswa a.

Lè Bondye te kreye papiyon yo nan kòmansman an, yo te reflete bèlte e glwa Bondye a. Menm jounen jodi a, nan mond sa a ki madichonnen ak peche, yo toujou fè nou sonje bèlte Bondye. Tankou flè k'ap vole, yo manifeste bèl travay Bondye a atravè lemonn. Se pa yon sipriz lè moun ap kontanple sou bèlte ki genyen nan lanati, yo souvan panse avèk papiyon yo.

Catherine Myers te fè yon grad nan kominikasyon syantifik e teknik nan Inivesite Teknolojik Michigann lan. Li te travay kòm yon ekriven teknik pou 7 ane. Kounyeya l'ap travay nan ekip vandè nan Mize Kreyasyon an.

Footnotes

  1. Valerio Sbordoni e Saverio Forestiero, Papiyon Mond La (Nouyòk: Firefly Books, 1998), p.20.

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.