Sèt “K” Istwa yo

by Ken Ham and Stacia McKeever
Also available in English and Português
PDF Download

Pifò moun jodi a gade Bib la kòm yon liv ki genyen anpil istwa enteresan e ansèyman tey- olojik. Pandanke sa se verite, Bib la tèlman depase sa—li se yon liv istwa ki revele evènman majè istwa yo, e mesaj enpòtan yo ki nan Bib la baze sou evènman sa yo.

Se yon tristès ke genyen anpil jenerasyon ki leve pou gade Bib la kòm yon liv ansèyman ase, ki pa konekte avèk reyalite fizik, e an gwo pale anrapò ak bagay ki abstrè e espirityèl sèlman.

image

Vi limite sa a ede nou konprann poukisa genyen anpil kesyon konsènan kijan Bib la ka esp- like dinozò yo, fosil yo, lamò, e sou- frans e anpil lòt sijè ki rapòte ak lemonn reyèl nou.

Ti bwochi sa pral rezime evènman majè yo nan tan pase a (e menm avni a). Franchman, y’ap tèlman diferan avèk sa ki prezante nan pifò lekòl yo, pwo- gram televizyon yo, e mize syans yo. Anverite, sèt K yo n’ap prezante la se yon sije majè nan gwo Mize Kreyasyon an, toupre Sennsinati, Owayo (www.ReponsnanJenèz.org/cp).

Kreyasyon

image
“Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo e tè a” (Jenèz 1.1).

Premye “K” a nan “mach nou atravè istwa” se kreyasyon an sou tout bagay. Nan liv Jenèz la (ki siyifye “kòmansman yo”), Bondye di nou ke Li te kreye tout bagay nan sis jou.

An nou gade vit sa ki te fèt nan chak jou sa yo.

Premye Jou—Bondye te di, “Se pou limyè fèt,” epi li te fèt! Li te separe limyè a avèk fènwa a e Li te rele limyè a “lajounen” e fènwa a “lannwit.” Limyè sa te sòti nan yon sous olye solèy la—solèy la pat’ fèt jiska Katriyèm Jou a.

Dezyèm Jou—Bondye te kreye yon espas (yon bagay ki “tire,” tankou vout la) e Li te separe dlo yo ki anlè vout la avèk dlo yo ki anba.

Twazyèm Jou—Bondye te fè dlo yo ki te anba espas la reyini ansanm, konsa tè chèch la te parèt. Alò Li te di tè a pou l donnen plant yo e pyebwa yo.

Katriyèm Jou—Bondye te fè solèy la, lalin, e zetwal yo. Se sa yo ki te genyen pou sèvi kòm siy pou make sezon yo, jou yo, e ane yo. Solèy la e lalin nan te genyen pou yo dirije lajounen e lannwit, e sik sa a te kòmanse sou premye jou a.

Senkyèm Jou—Bondye te kreye zannimo yo ki viv nan dlo a e sa yo ki vole nan syèl la.

image

Nan planèteriem Mize Kreyasyon an, yo montre vizitè yo ke teyori gwo eklatman an pa vrè, paske Bib la anseye ke solèy la te fèt apre latè a; men gwo eklatman an kontredi sa lè li anseye ke solèy la te vini anvan latè a. Tèlman genyen anpil lòt pwoblèm tou avèk kosmoloji gwo eklatman an ke menm syantis sekilè diskite sou yo.

Sizyèm Jou—Bondye te kreye zannimo ki viv atè yo, ki konte dinozò yo, e—kreyasyon Li ki pi espesyal—imanite. Adan e Ev se te premye moun yo—e se yo ki gran, gran, gran...granparan nou tout! Kòm manje Bondye te bay yo—ak zannimo yo—plant pou yo manje.

Lè Bondye te konplètman fin kreye, Li te remake ke tout sa Li te fè te “trè bon.” Imajinen ou, yon plas ki san lamò, san vyolans, san maladi, san mal, san pikan, san krent!

Setyèm Jou—Bondye “te poze” -ou kanpe- travay kreyasyon Li a. Kounyeya Bondye ap toujou sipòte kreyasyon Li a (Kolosyen 1.17).

Bondye te kreye tout bagay nan sis jou e poze sou setyèm jou a. Se sa ki te devni premye “semenn” nan. Jounen jodi a, pifò moun swiv egzanp sa lè yo travay pou sis jou e poze pou youn.

Nan Mize Kreyasyon an, nou demontre ke lasyans date radjometrik—lè li entèprete kòrèkteman—pa montre ke laj monn nan se plizyè milya ane. Pa egzanp, kèk wòch e lòt echantiyon, ke nou konnen ki trè jenn, lè yo voye yo nan yon laboratwa sekilè pou date, regilyèman yo di “laj yo” se “plizyè milyon ane.”

Mize a montre tou ke, kontrè kwayans kòmen an, dinozò pat’ evolye tounen zwazo, e ke lasyans jene- tik yo vrèman sipòte kont Biblik la konsènan tip ki te kreye yo—e pa evolisyon sipoze a de tip nouvo.

ADN

ADN se molekil eredite a, yon pati nan yon sistèm ekstrèman konplike, pi dans avèk enfòmasyon ke sa ki nan sipèkonpitè pi efikas la. Kòm enfòmasyon an ki nan ADN nou kapab soti sèlman nan yon sous ki gen plis enfòmasyon (ou entèlijans), fòk te genyen yon bagay anplis matyè nan kòmansman an.

Mize Kreyasyon an sèvi avèk lasyans “teyori enfòmasyon” pou ede moun konprann ke sistèm kòd (e tout lavi bati sou yon kòd) toujou soti nan yon entèlijans. Enfòmasyon soti sèlman nan enfòmasyon ki te gentan egziste e jèn yo genyen yon gran kantite enfoma- syon. Alò, “Nan kòmansman Bondye te kreye...” konfime atravè lasyans obsèvasyon an.

Fòk “lòt sous” sa pa gen limit nan entèlijans li—anverite, fòk li se yon sous entèlijans pi wo ke tout bagay soti ladan. Bib la di nou ke vrèman genyen yon sous konsa—Bondye. Kòm Bondye pa gen ni kòmansman, ni finisman, e kòm Li konnen tout (Sòm 147.5), li fè sans ke Bondye se sous enfòmasyon an ke nou wè bò nou! Sa mache avèk vrè syans menm jan nou ta atann.

Koripsyon

image
“Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske jou ou manje l, w’ap mouri” (Jenèz 2.17).

Nou gentan wè nan kòmansman Bondye te kreye syèl yo e tè a e tout bagay te trè bon (Jenèz 1-2). Dezyèm “K” nan Mize Kreyasyon an se “Koripsyon” e nou jwenn li nan Jenèz 3.

Soti nan pèfèksyon...

Pou yon tan, bagay yo te pafè nan Jaden Edenn lan. Jan nou montre li nan yon zòn ki desine mèvèy, Adan e Ev te viv nan yon bèl jaden (ke Bondye te plante espesyalman pou yo). Yo te kapab manje nan nenpòt pyebwa nan Edenn, eksepte youn. Premye koup sa te genyen yon relasyon pafè avèk Kreyatè yo a, yon maryaj pafè, e yon kote pou viv ki te pafè. Adan te domine sou zannimo yo e yo te viv pafè youn ak lòt. Men klèman, genyen yon bagay ki te kowonpi monn sa ki te “trè bon,” e te fè l devni monn sa ke nou wè jodi a ki plen maladi e lamò.

Rive nan enpèfèksyon...

Adan e Ev, yo toulede te konnen ke yo te ka manje nan nenpòt pyebwa nan Jaden Edenn lan aksepte sa ki te rele “Pyebwa Konesans Byen e Mal.” Bondye te defann yo pou yo manje nan li, e Li te di yo, si yo te manje ladann yo t’ap mouri.

image

Wi, dinozò (tankou sa ki anlè yo) te viv avèk moun (menm jan egzibisyon mize sa montre) e yo pat’ ekstèmine plizyè milyon ane pase. Konfimasyon bagay sa yo, tankou istwa dragon, sèlil rouj yo dekouvri nan zo yon Tiranozorèks (yon dinozò)—e anpil anplis—bay defi a lide sekilè a ke dinozò yo te ekstèmine anviwon 60-65 milyon ane anvan lòm te parèt.

Dyab la, yon lespri ki vrèman egziste, te pran fòm yon sèpan. Li te konnen sa Bondye te di, men li te fè Ev kesyone pawòl Bondye yo lè li te mande, “Èske Bondye te di ou pa ka manje nan nenpòt pyebwa nan jaden an?” e apre sa lè li te manti, “Ou p’ap vrèman mouri.” Ev te kwè sèpan an olye Bondye, e te manje fwi Bondye te defann nan.

image

Desen sa nan mize a montre Adan e Ev anvan tantasyon sèpan an.

Apre, li te bay Adan kèk, sèpan an pat’ twonpe l’, men li te manje volontè- man (1 Timote 2.14). Sa se lakoz yo toulede te mouri espirityèlman imedyatman (separasyon ak Bondye) e menm jou a yo te kòmanse mouri fizikman.

Akòz dezobeyisans (peche) Adan, tout desandan li yo (ou menm avè m’) fèt avèk peche nan nati nou. Akòz peche Adan, kò nou yo pral mouri. Akòz peche Adan, Bondye te madichonnen kreyasyon presye Li a. Monn nan ke nou wè jodi a, pandan ke li reflete kreyasyon orijinal Bondye a, kowonpi atravè peche.

Sa a ki te genyen pou vini...

Bon nouvèl la nan istwa tris sa se ke Bondye pat’ abanndonen kreyasyon Li a apre peche Adan! Li te pwomèt ke yon jou Li tap’ voye yon Sovè, “Semans la ap soti nan yon fanm,” pou “frape” (kraze, pile) tèt sèpan an (Jenèz 3.15). Sovè sa, Jezi Kris, te vrèman fèt atravè yon fanm san yon p’apa imen, anviwon 4 000 ane apre. Kris te mouri sou kwa a, e resisite pou sove pèp Li anba peche yo, alò anverite, Li te bay yon kout lamò (pile tèt) a dyab la (sèpan an).

Poukisa Bondye pèmèt lamò e soufrans?

E konsènan sa yo ke nou renmen ki vin malad e mouri? Bondye te avèti Adan ke si li te manje nan fwi Li te defann nan, li tap’ mouri. Women 5.12 di nou ke peche Adan (e peche nou atravè Adan) lakoz nou tout mouri.

Yon egzibisyon ki kapte atansyon nan Mize Kreyas- yon an bay repons a kèsyon tankou: Poukisa bagay mal rive bon moun? Kijan yon Bondye, ki se lamou, ka pèmèt maladi, soufrans, e lamò? Kretyen yo ki aksepte lide plizyè milyon ane ap jwenn defi tou konsènan konpwomi yo fè annegad Pawòl Bondye, paske Bib la anseye klèman ke lamò, maladi, e sou- frans se yon konsekans peche, e konsa pa ka genyen plizyè milyon ane (jan syantis yo entèprete rapò fosil la) lamò avan peche.

Menm lè bagay yo vin tèlman terib, nenpòt jan, yo pa yon pati pèmanan kreyasyon an. N’ap veye pou dènye “K” istwa a—Konsomasyon—lè Madichon an p’ap egziste ankò, e dènye lènmi a (lamò) va disparèt.

Katastwòf

image
“Se konsa, Senyè a detwi tout bèt, tou sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k’ap vole nan syel la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo” (Jenèz 7.23).

Bondye te kreye yon monn pafè nan sis jou ki gen 24 è tan (Jenèz 1-2), men Adan te dezobeyi kòmandman Bondye a pou li pa manje fwi Li te defann nan, e te pote koripsyon e lamò nan monn nan (Women 5.12). Peche Adan te pase bay pitit li yo, pitit pitit li yo, e elatriye. Sa mennen nou nan twazyèm “K” istwa a ke nou jwenn nan Jenèz 6-9.

Pandan tan tap’ pase, moun yo te kòmanse envante machin nouvo, eksplore kote nouvo, e eseye lide nouvo. Men, paske kè yo te mechan yo te fè anpil bagay ki pat’ fè Kreyatè yo a plezi. Yo pat’ koute zansèt yo a, Adan, lè li t’ap di yo sa k’ te pase nan Jaden Edenn nan, e kòman yo te dwe obeyi e louwe Senyè a sèlman.

Sa te tèlman atriste Bondye ke Li te detèmine pou detwi tout bagay ki te genyen souf lavi a nan li. Se sèlman yon nonm jis, ki te rele Noe, ki te jwenn favè nan je Li. Bondye te di Noe ke Li va voye yon gwo Delij pou kouvri tout monn nan avèk dlo pou jije li.

Jako e antilòp e ... dinozò?

Bondye te bay yon fason pou Noe, madanm li, twa pitit gason li yo, madanm yo, zannimo yo ki viv sou tè a, e zwazo yo (pwason yo, e lòt bèt lanmè yo te ka siviv nan dlo a) pou yo viv atravè katastwòf sa pa mwayen yon gwo Lach yo tap’ bati.

Noe e fanmi li te travay sou Lach la pou anpil ane, pwobableman kòm yon prigad a moun ki te bò kote yo, konsènan jijman Bondye ki te genyen pou l’ vini. Apre fanmi Noe pèsonn pat’ kwè. Lè yo te fin bati l’, Bondye te pote de nan chak bèt (dinozò yo tou!), e sèt nan kèk, nan Lach la.

Mize Kreyasyon an montre avèk pouvwa ke te genyen ase plas nan gwo veso sa a pou plis ke ven mil zannimo...menm dinozò yo (gwosè mwayen yon dinozò se te gwosè yon mouton, e Noe pat’ oblije pran sa yo ki te fin grandi nan pi gwo dinozò yo). Yon egzibisyon mize konsènan pwosesis yo ki asosye avèk “seleksyon natirèl” e “espèsyasyon” voye anpil limyè sou kèsyon sa yo. Veritableman, Noe te bezwen sèlman anviwon 10 000—16 000 zannimo pou reprezante tout dis- tenksyon nan espès zannimo ki viv atè.

image

Seksyon Lach Noe sa a se yon pati yon gwo egzibisyon mize sou Delij la.

Apre yo tout te nan bato a, “sous fon yo” te pete e “pòt syèl yo” te louvri. Se sa yo ki te bay dlo a ki tap’ kouvri chak ti kote nan lemonn antye.

Nou tout gentan wè ki domaj yon delij lokal ka fè–derasinen pyebwa, depoze plizyè kouch labou, e detwi tout bagay kote li pase. Imajine ou, domaj la yon delij ki kouvri tout planèt la tap’ fè!

Pa gen anyen ki tap’ menm jan apre dlo yo te disparèt e tè a te konmanse chèch. Genlè tout bagay te sanble etranj pou Noe e fanmi li pandan yo tap’ kite Lach la!

Apre yo te kite bato a, Noe te bati yon otèl pou Senyè a, li te sakrifye youn nan chak bèt ki te pwòp yo. Bondye te pwomèt ke Li p’ap janm voye yon delij pou kouvri tout tè a ankò. Siy pwomès sa se akansyèl la ke nou wè jodi a.

Mize Kreyasyon an egzibe evidans kote tankou Mòn Sen Elèn nan eta Wachintonn, kote li montre kijan plizyè kouch wòch ma (sanblan nan yon fason avèk kèk kouch yo nan Kannyon Gran an) e kannyon kapab fèt vit—yo pa bezwen milyon ane sipoze yo ke yo nomalman bay fòmasyon sa yo.

Èske ou te konnen: Dlo kouvri 70% sifas Latè a? Poutan anpil moun nye ke Latè a te kouvri konplèt- man avèk dlo yon lè. Èske ou te konnen tou: Rive nan jounen jodi a yo poko twouve dlo (likid) sou Mas? Poutan anpil moun kwè ke dlo te bay sifas Planèt Rouj la (Mas) fòm li nan tan pase a. Poukisa moun tap’ nye yon gwo delij sou Latè e fè pwomosyon pou youn sou Mas? 2 Pyè 3.5-6 fè nou sonje ke, “Annefè yo pran pòz pa konnen ke...monn tan lontan te peri anba dlo delij.”

Vizitè mize a aprann ke si ou ta plani sifas Latè a anivo, tap’ genyen ase dlo kounyeya pou kouvri tout Latè a ala fondè 2,74 kilomèt. Nan finisman Delij la, mòn yo te leve (sa esplike poukisa genyen fosil bèt ki viv nan dlo jis sou tèt Mòn Everes) e basen lanmè a te desann—sa te pèmèt dlo a kouri ale e fòme lanmè yo ki genyen kounyeya.

image

Eksploratè Lespri a te fè imaj sifas Mas la nan premye pati lanne 2004. Yon rezon majè pou depans $820 milyon sou misyon sa se te yon rezon evolisyon: pou jwenn tras mineral yo ki te fòme atravè aksyon dlo. Evolisyonis yo di ke dlo likid se yon engredyan nesesè pou lavi te ka evolye sou Latè e lòt planèt yo. (Foto: NASA/JPL/Cornell)

Konfizyon

image
“Bon. N’ap desann, n’ap mele lang yo. Konsa, yonn p’ap konprann sa lòt ap di. Se konsa Senyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la” (Jenèz 11.7-8).

Desandan dezobeyisan Noe yo te deside pou yo rete nan yon sèl plas pou yo bati yon tou ke yo te espere ki tap’ kenbe yo tout ansanm.

Lè Senyè a te wè dezobeyisans yo a Li pat’ kontan—menm jan Li pa kontan ak tout dezobeyisans—e Li te konfonn langaj pèp la pou yo youn pat’ ka konprann lòt (jouk lè sa yo te tout pale yon sèl lang). Konsa, Kreyatè a te gaye yo toupatou sou tout tè a.

Plizyè langaj diferan yo, ki te kreye enstantane a Babèl (Jenèz 10-11), apre Babèl te ka fè anpil lòt anplis. Langaj chanje avèk tan, alò lè yon gwoup moun divize nan plizyè gwoup ki pa ka relate ankò, apre detwa santenn ane yo kapab chak pale yon lòt lang (men ki relye ansanm). Jounen jodi a genyen plizyè mil langaj men mwens ke ven “fanmi” langaj.

image

Yon seksyon vizyèl e cho nan mize a, pataje kijan kont Jenèz la konsènan lemonn nan apre Delij la egzak.

Men, tann yon ti moman...

Si Adan e Ev se te premye imen yo...e si tout imen te mouri, aksepte Noe, madanm li, e twa pitit gason yo ansanm avèk bèlfi yo pandan Delij global la...e si nou tout se menm desandan menm de moun, enben poukisa nou tout sanble tèlman diferan youn ak lòt?

Veritableman, “K” sa (Konfizyon) genyen anpil bagay annegad repons kèsyon sa, e Mize Kreyasyon an bay yon egzibisyon ki tèlman vizib ki ilistre pwen enpòtan sa. An menm tan, Mize a bay repons a kèsyon senp tankou kibò madanm Kayen te soti (yon lide: orijinalman, fanmi pre te ka marye paske done jenetik la te pouri atravè tan akòz defòmasyon e erè kopi—tout sa se rezilta peche e Madichon an).

Bondye te kreye Adan e Ev avèk yon abilite pou pwodwi ti moun avèk yon varyasyon karakteristik diferan. Abilite sa te kontinye pase atravè Noe e fanmi li.

Pandanke moun yo tap’ gaye, yo chak te pran ansanm avèk yo yon kantite diferan enfòmasyon jenetik pou karakteristik seten—pa egzanp, wotè, kantite pigman pou cheve e koulè po (konnen tou, ke nou chak genyen menm pigman, sèlman plis ou mwens ladann li), e elatriye. Soti nan sèl evènman sa nou jwenn tout tribi e nasyon yo nan monn nan kòm rezilta. Paske nou tout soti nan fanmi Noe kèk mil ane pase, nou tout se fanmi!

Mize Kreyasyon an montre kijan Pwojè Jenn Imen an, ki te fèt tou dènyèman, sipòte ansèyman Biblik sa, ke tout moun soti nan yon sèl ras byolojik. Prensip jenetik senp yo eksplike nwasi diferan yon sèl koulè po (li pa eksplike koulè diferan) e kijan gwoup moun distenk yo (pa egzanp, Endyen Amerik yo, Ostralyen natif natal yo, elatriye) te parèt akòz evènman an a Tou Babèl la. Istwa kreyasyon e Delij pèp sa yo ki soti toupatou nan lemonn nan, ede konfime verite antwopoloji Bib la.

Varyasyon karaktertistic
Varyasyon karaktertistic
Varyasyon karaktertistic
Varyasyon karaktertistic
Varyasyon karaktertistic
Varyasyon karaktertistic
Varyasyon karaktertistic

Èske ou konnen ke: genyen plis ke san “istwa sou delij la” ki twouve atravè lemonn? Anverite, preske tout gwoup moun ki genyen jodi a bay istwa ki sanble anpil avèk sa ke nou jwenn nan Jenèz. Poukisa? Li fè sans ke pandan moun yo tap’ divize apre Babèl, yo te pran istwa yo ke zansèt yo te bay yo konsènen gran katastwòf la sou tan Noe.

Bondye te prezève vrè rapò a, e Moyiz te ekri li nan Jenèz pou tout moun kapab sonje ki sa ki te pase e aprann pou yo obeyi Li.

Kris

image
“L ap akouche yon pitit gason, e yo va rele li Jezi. Paske, se li menm ki va sove pèp li a anba peche yo. Tout sa rive pou pawòl Senyè a te anonse pa mwayen pwofèt la te kapab akonpli, ‘Menni vyèj la va ansent, li va fè yon pitit gason, e yo va rele non Li Emànyèl’ ki vle di: Bondye ak nou” (Matye 1.21–23).

Kreyasyon pafè Bondye a te vin kowonpi atravè Adan lè li te dezobeyi Bondye. Dezobeyisans sa te pote peche e lamò vini nan monn nan. Akòz dezobeyisans Adan, e paske nou tout fè peche pèsonèlman, nou tout merite penn lamò a e nou bezwen yon Sovè (Women 5.12).

Men Bondye pat’ kite kreyasyon presye Li a (menm lè li kowonpi) san espwa. Li te pwomèt pou L’ voye Yon Moun yon jou ki tap’ retire penn peche a, ki se lamò (Jenèz 3.15; Ezekyèl 18.4; Women 6.23).

Bondye te touye yon zannimo (oubyen plizyè zan- nimo) nan Jaden Edenn nan (yon ayo/mouton?) akòz peche Adan an; se konsa desandan Adan yo te sakrifye zannimo. Sakrifis konsa te ka sèlman kouvri peche—yo te gade devan a tan an lè sakrifis pi wo a ki tap’ fèt atravè Youn ke Bondye tap’ voye (Ebre 9).

image

Yon videyo pisan e kout nan youn nan sinema mize a ki pataje lavi Kris la. Videyo sa a rele “Dènye Adan an”.

Lè Bondye te bay Moyiz Lalwa a, moun yo te kòmanse wè ke yo pap’ janm kapab rive nan mezi estanda pafè Bondye a (Women 3.20)—si yo te vyole nenpòt pati nan Lalwa a, rezilta a se te menm jan si yo te vyole tout nèt (Jak 2.10)!

Yo te bezwen Yon Moun pou retire fòt yo e pre- zante yo san fòt devan twòn Bondye (Women 5.9; 1 Pyè 3.18).

Kado Bondye pou nou

Menm jan Bondye genyen yon rezon e plan pou tout bagay e tout moun, se konsa Li te voye Sovè Li a, ke Li te pwomèt, a lè (Galat 4.4). Men, te genyen yon pwoblèm. Tout moun se desandan Adan e se poutèt sa tout moun fèt avèk peche. Sa a ke Bondye tap’ chwazi te oblije pafè, e a menm tan enfini, pou retire penn enfini peche a.

Bondye te rezoud “pwoblèm” sa lè Li te voye Pitit Li, Jezi Kris—totalman imen e totalman Bondye. Panse sou sa: Kreyatè a linivè a (Jan 1.1-3,14) te devni yon pati nan kreyasyon Li pou Li te kapab sove pèp Li a anba peche yo!

Jezi te fèt atravè yon vyèj plis pase 2 000 ane pase nan yon vil toupre Jerizalèm ki te rele Betleyèm, jan pwofèt Ezayi (7.14) e Miche (5.2) te pwofetize 700 ane avan. Paran Li yo te ale avèk Li nan peyi Lejip pou chape anba kolè Wa Ewòd e apre sa yo te vin abite Nazarèt.

Jezi te ranpli pliske senkant pwofesi ki te fèt sou Li plizyè santenn ane avan, sa montre ke se Li menm ki se Sila a ke Papa Li te pwomèt pliske 4 000 ane avan (Jenèz 3.15). Poutan Li te fè pliske trant an sou latè, Li pat’ janm peche menm yon sèl fwa—Li pat’ fè anyen ki te mal. Li te geri anpil moun, bay foul moun yo manje, e anseye plizyè mil moun ki tap’ koute konsènan Kreyatè Bondye yo a e kijan pou yo rekonsilye avèk Li. Li te menm sèvi liv Jenèz la pou eksplike ke maryaj se ant yon gason e yon fi (Matye 19.3-6, ki pale dapre Jenèz 1.27 e 2.24).

Jezi Kris te vini sou tè a pou nou kapab genyen lavi etènèl avèk Li!

image

Yon foto nan “Dènye Adan an”—yon prezantasyon videyo nan mize a.

Kwa

image
“Jezi Kris, Li ki te la anfòm Bondye...Li pran fòm yon sèvitè, Li vin tankou lèzòm. Lè Li te parèt nan fason yon nonm, Li te rabese tèt Li, Li vin obeyisan jiska lamò, lamò lakwa menm” (Filipyen 2.5-8).

Premye Adan an

Premye “paran” nou, Adan, pat’ mennen yon vi pafè ke li te dwe mennen. Li te dezobeyi kòmand- man Kreyatè li pou li pa manje nan Pyebwa Konesans Byen e Mal. Akòz jijman Bondye sou sèl aksyon rebelyon sa a, tout kreyasyon an nèt, ki te pafè orijinalman (Jenèz 1.31), te vin sije a lamò e koripsyon. Akòz peche Adan, e paske nou peche pèsonèlman, nou tout ap mouri (Women 5.12-19).

Dènye Adan an

Anviwon 4 000 ane apre Adan te dezobeyi, Bondye te voye sakrifis pafè a, nan fòm Pitit Gason Li, Jezi Kris, pou retire peche monn nan, ki te ranpli pwomès la Bondye te fè nan Jenèz 3.15. Jezi rele “Dènye Adan” an nan 1 Korent 15.45, e Li te vini pou restore fratènite a avèk Kreyatè a ki te kraze atravè peche Adan.

Adan te dezobeyi kòmandman Bondye pou li pa manje fwi ke Bondye te defann nan: Jezi te ranpli pwopozisyon Kreyatè a ke Li te mouri pou peche monn nan.

Premye Adan an te pote lamò nan monn nan atravè dezobeyisans li; Dènye Adan an (Jezi Kris) te pote lavi etènèl avèk Bondye atravè obeyisans Li (1 Korent 15.21-22).

Paske Bondye sen totalman fòk Li pini peche—swa pechè a menm, ou yon ranplasan pou pote kolè Li.

image

Apre vizitè mize a kite sinema “Dènye Adan an,” yo antre nan yon Plas Palmis Ejipsyèn e Kav Dinozò.

Bondye Li menm, te fè premye sakrifis la pou peche lè Li te touye yon zannimo (sa se te premye lamò a nan kreyasyon Bondye) apre Adan te dezobeyi (Jenèz 3.21). Men nou pa bezwen fè sakrifis zannimo pou peche ankò. Se paske Ayo Bondye a (Jan 1.29; Revelasyon 5.12) te sakrifye yon fwa pou tout (Ebre 7.27). Jezi te pote kolè Bondye pou peche nou lè Li te mouri nan plas nou (Ezayi 53.6). Alò tout moun ki kwè nan Li va sove anba penn pi wo a pou peche (separasyon etènèl avèk Bondye), e va viv avèk Li pou tout tan.

Jezi Kris, Kreyatè tout bagay (Jan 1.1-3; Kolosyen 1.15-16), lamò pat’ gen pouvwa sou Li. Li te resisite twa jou aprè Li te krisifye, sa montre ke Li genyen pouvwa sou tout bagay, menm lamò, ki se “dènye lènmi” a (1 Korent 15.26)!

Se sa ki fè Apòt Pòl te ekri, “O tonbo, kote viktwa ou la? O lamò kote pik ou a?...Men an nou rann gras pou Bondye ki ba nou laviktwa gras a Jezi Kri Senyè nou” (1 Korent 15.55,57)!

Lè nou kwè nan Kris e konprann sa Li fè pou nou, lè sa nou pase soti nan lamò rive nan lavi (Jan 5.24). Non moun yo ki resevwa Li ekri nan Liv Lavi Ayo a (Revelasyon 13.8; 17.8)—alò lè yo mouri yo pral viv avèk Li pou toutan (Jan 3.16)!

Menm jan “lasyans” pa kapab pwouve ke Jezi te resisite nan lamò, li pa kapab pwouve ke Bondye te kreye tout bagay nan sis jou. Anverite, Mize Kreyas- yon an montre ke “lasyans” pa ka pwouve okenn evènman nan istwa paske li limite nan eksperyans li avèk tan pase. Nou konnen ke evènman istorik yo se verite akòz rapò temwen okilè fidèl. Se menm jan, genyen anpil rapò temwen okilè fidèl ke tonbo Jezi te vid apre twa jou, e ke apre Li te fè aparisyon ak menm 500 moun a yon sèl fwa (1 Korent 15.6).

Pi enpòtan pase tout, nou konnen ke Rezirèksyon an e Kreyasyon an, yo toulede vrè paske Bondye, temwen okilè pi fidèl la, ki pa janm bay manti e ki konnen tout bagay, di nou nan Pawòl Li ke bagay sa yo te fèt!

Se konsa, egzibisyon yo nan Mize Kreyasyon an bay moun defi nan fason sa yo: istwa sekilè a konsènan plizyè milyon ane se pa vrè, e jeyoloji, byoloji, ant- wopoloji, astwonomi, elatriye (nan sans evolisyon), pa kanpe devan tès syans obsevasyon an. Okontrè, istwa Biblik la, soti nan Jenèz ale nèt, se vrè; e jeyoloji, byoloji, antwopoloji, astwonomi, elatriye (nan sans Biblik), konfime pa syans obsevasyon an.

Donk verite ke istwa Biblik la se vrè, ta dwe bay moun defi pou yo konsidere seryezman mesaj Sali Bib la ki baze nan istwa sa. Vizitè mize a jwenn defi konsènan kote yo kanpe nan relasyon yo ak Jezi Kris—e ki kote yo prale pou letènite.

Konsomasyon

image
“Epi mwen wè yon nouvo syèl ak yon nouvo tè; ka premye syèl la ak premye tè a te disparèt” (Revelasyon 21.1).

Nan kòmansman an Bondye te kreye yon monn pafè. Li te yon bèl kote—ranpli avèk lavi, san lamò, maladi, doulè, ou soufrans. Dezobeyisans Adan te chanje tout sa. Lè li te manje fwi ke Bondye te di li pa manje a, peche e lamò te antre nan monn nan (Women 5.12). Koripsyon sa te sitèlman chanje monn nan ke sa nou wè jodi a se sèlman yon refleksyon monn nan ki te egziste. Jan nou te di, peche Adan te mennen nan katastwòf la sou tan Noe, konfizyon Babèl la, e lamò Kris sou Kwa a.

Èske genyen yon finisman nan vi?

Lamò t’ap egziste pami nou depi preske kòmans- man lòm. Kèk fwa li kapab sanble ke li te toujou yon pati nan kreyasyon Bondye. Women 8 di nou ke kreyasyon an antye ap soufri akòz peche Adan. Li kapab sanble ke pa genyen yon finisman a soufrans la ki devni akoz aksyon dezobeyisans sa. Asireman, pèsonn kapab di ke li pa dezobeyi Bondye nan lavi li (Women 3.23, 1 Jan 1.10), alò nan yon sans nou tout pataje nan blam nan pou sa ke nou wè bò nou.

Alò Bondye, nan gran mizèrikòd Li, te pwomèt pou Li pa kite kreyasyon Li nan yon eta peche. Li te pwomèt pou Li fini avèk koripsyon an ke Adan te pote nan monn nan. Li ofri nou sali sa atravè Pitit Li. Tou, Li te pwomèt pou retire, nan fiti a, Madichon an ke Li te mete sou kreyasyon Li (Revelasyon 22.3)!

Li pral fè yon nouvo syèl e yon nouvo tè yon jou—youn ke nou pa ka menm kòmanse imajine (2 Pyè 3.13). Nan nouvo plas sa pa va genyen ni lamò, ni kriye, ni doulè (Revelasyon 21.4). Pesonn pa va tris.

Kòm moun ki gentan repanti e kwè nan sa Jezi te fè pou nou sou Kwa a, nou kapab atann nouvo syèl sa e nouvo tè a pandan nou konnen ke n’ap jwi Bondye pou toutan nan plas mèveye sa. Bondye va retire Koripsyon an ki te entwodwi nan Jaden Edenn nan, e Li va ba nou yon plas pafè ankò pou nou viv!

image

Poutan dinozò yo te vejetaryen orijinalman, yon lè apre Premye Peche a, anpil nan yo te devni kanivò mechan, menm jan ki reprezante la avèk wobo Itaraptè sa nan mize a. Yon jou, Latè a va restore a eta pafè ke li te genyen—san koule san e lamò.

Èske ou konnen?

“Men gen yon bagay ou dwe konprann, byenneme se ke yon jou pou le Senyè se kòm mil an e mil an se kòm yon jou” (2 Pyè 3.8).

Genyen kèk moun ki sevi avèk vese ki anlè a pou di ke chak nan “jou” yo ki mansyonne nan Jenèz 1 te kapab yon mil ane nan dire olye yon jou ak dire nòmal.

Alò vèsè sa di ke yon jou se “tankou” (sa vle di sanble) mil an.

Sa se yon fason pou pale, sa ki rele yon “similè,” e li anseye ke Bondye li menm andeyò tan paske Li se Kreyatè tan an. Li pa eksplike jou paske li pa di, “yon jou se mil ane.” Anverite, fason pou pale sa tèlman efèktif la presizeman paske mo “jou” a se yon vrè mo ki vle di “jou” e li vrèman an kontradiksyon avèk (vrè) 1 000 ane yo.

Li toujou enpòtan pou li pasaj Lekriti yo “nan kontèks.” Sa vle di lè nou bay atansyon espesyal avèk vèsè yo ki bò pasaj la ke n’ap etidye. Nan kontèks, Apòt Pyè ap di nan 2 Pyè 3.8 ke menm lè li kapab sanble a nou menm tankou anpil tan jiskaske Senyè a kenbe pwomès Li yo pou Li retounen, li pa vrèman anpil tan pou Senyè a.

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.