Repons

  • Feb. 19, 2010, pp. 103–104

    Lè Bondye te bay Noe enstriksyon pou l bati Lach la, Li te di Noe konsa, "louvri yon sèl pòt sou kote batiman an" (Jenèz 6.16). Lach la te genyen yon sèl pòt pou moun yo te ka pase ladann pou yo chape jijman tèrib Bondye a. Noe e fanmi li te antre nan Lach la ak lafwa.

  • Feb. 19, 2010, pp. 20–22

    Menm lè anpil ensèk genyen zèl, koulè rich yo ki nan zèl yon papiyon, mete li apa sou tout lòt yo. Se kal ki nan zèl yo ki ede ba yo koulè sa a. Papiyon denwi yo genyen kal sou zèl yo tou, men koulè yo pa konpare avèk koulè papiyon yo.

  • Feb. 19, 2010, pp. 84–86

    Kretyen yo gentan tire anpil leson valab nan lavi Noe e nan Lach la. Men gen yon bagay yo pi souvan bliye. Noe se te premye evanjelis ki mansyone nan Bib la. Eske genyen leson nan lavi li nou kapab tire konsènan kijan pou n prezante levanjil la? Asireman!

  • Feb. 19, 2010

    Sali! Papye sa a ou kenbe nan men w se kòmansman yon seri etid biblik ki baze sou ti bwochi a ki rele, Sèt “K” Istwa yo. Fòk ou gentan genyen youn nan ti liv sa yo pou w kapab fè etid sa a. Nou pral gade ti bwochi sa a ansanm pou n wè si nou kapab konprann plis konsènan bi lavi a e plan Bondye a pou nou.

    PDF Download
  • Feb. 19, 2010

    Pifò moun jodi a gade Bib la kòm yon liv ki genyen anpil istwa enteresan e ansèyman tey- olojik. Pandanke sa se verite, Bib la tèlman depase sa—li se yon liv istwa ki revele evènman majè istwa yo, e mesaj enpòtan yo ki nan Bib la baze sou evènman sa yo.

    PDF Download
  • May 21, 2009

    Istwa Noe e Lach la se youn nan evènman lòm ke moun plis konnen. Malerezman, tankou lòt istwa Biblik yo, moun pi souvan pran l kòm yon senp istwa ki fabrike.

Ede Tradiksyon

Tanpri ede nou bay plis materyèl an kreyòl ayisyen.

Ede Tradiksyon

Visit our English website.